Travay atis la

Atis la ap travay pou l voye lang kreyòl la moute. Nan ide sa a, atis la gen yon liv ki pral soti nan ane 2024 la ki se: ‘Demare Kè Mwen Souple.

Atis la ap travay tou pou l mete kèk fim deyò pou amize frè ak sè Ayisyen parèy li. Vin sipòte atis la nan travay li. Mèsi anpil paske ou sipòte nou.

Byenvini sou sitwèb nou. Nou di ou mèsi pou vizit ou. Pa bliye renmen, kòmante, e pataje. Ankò, mèsi anpil pou vizit ou. Fè nou konnen sa ou panse.

Atis la ap nan Little Haiti Book Fair Festival k ap fèt 5 me 2024. Vin sipòte atis la pou n voye lang nou an moute anlè. Se yon okazyon tou pou nou rekonèt atis la, pale ak li, e poze l tout kesyon ki sou kè nou. Little Haiti Miami Book Fair twouve li nan Little Haiti Cultural Center 212 N.E 59th Terrace Miami FL, 33137.

Lang Kreyòl la.

Paj sa fèt pou tout moun ki li, ekri, e pale Kreyòl, e ki ta vle aprann lang lan tou. Vin sikre kè w, pataje opinyon w, pran plezi w nan lang Kreyòl la. Ide nou se pou nou promote lang Kreyòl la jiskaske li vin yon lang yo pale nan tout kwen nan lemonn antye.

Goute Liv Yo