Logo_-01.jpg

Piblikasiyon Maskriti

Liv nou jwenn sou sit sa pibliye pa Piblikasyon Maskriti. Se piblikasyon sa Précieuse chwazi paske se fèy sa a ki ede pifò Ayisyen nan fè te e fè lwil pou rale kò yo pou nenpòt maladi yo ta genyen.

Pa bliye kòmante, renmen, e pataje sitwèb sa a ak zanmi e fanmi ou. Se konsa w ap sipòte nou. Mèsi anpil pou kout men ou.

Sa nou ekri

Paj sa se pou tout moun ki pale, li, e ekri Kreyòl e ki ta vle aprann lang lan tou. Vin pataje sa ou panse e vin amize tèt nou sou sitwèb la.

Pwennses Cover_B.jpg

Pwennsès Sanafè

Liv sa se premye woman Precieuse Lavoix ekri. Li pale de yon jenn tifi ki rele Sanafè. Tifi sa rete avèk Fatra (ti non gate fi a), l ap fè bonn li. Yon jou Sanafè deside pran kanntè aprè Fatra fè l pase kont mizè. Se pa li ki te fè la vi a di konsa men lap chache yon jan pou l jwenn yon ti dousè tou. Ou kwè la vi a ta wè sa bon pou l chanje? Ou kwè l ap dakò bay Sanafè yon lòt avni ki diferan de sa ki trase devan l lan?