Woman

Anpil nan nou lè nou soti travay, se òdè yon manje nan restoran si nou pa gen tan pase pran l, benyen, moute kabann nou, e louvri tele nou pou nou amize n aprè yon jounen nou fè ap travay di. Èske nou pa wè l ta bon pou nou amize n, si nou ta rale yon liv woman ki ekri nan lang kreyòl e vwayaje nan espas, nan tan, e nan sezon? Paske li yon liv se vwayaje kote nou poko oswa pap gen tan ale tankou nan pase a, e aprann sa nou pa konnen.

Pifò projè yo kòmanse nan panse n. Pale, li, e ekri kreyòl sipoze kòmanse nan panse nou. Woman se yonn nan zouti nou ka sèvi pou nou konn tèt nou, peyi nou, anviwonman nou, e linivè n ap viv ladan l lan. Anpil enfòmasyon mwen jwenn se nan fouye nan liv moun lòt nasyon ekri.

Frè m ak sè m yo, peyi nou paka grandi si nou pa mete tèt nou ansanm. Nan panse sa a, jwenn ak atis la pou nou travay mete peyi nou kanpe. Lang kreyòl la se yonn nan zouti nou ka sèvi pou nou devlope mantalite nou e peyi n. An nou mete tèt nou ansanm.