Précieuse Lavoix

Précieuse se yon ekriven ki ekri anpil liv, li pibliye 5 deja. Li pibliye tou magazin Assemblaj. Li ekri pyès teyat ak anpil bèl fim. Premye fim li se Honoré, fim sa nan prodiksyon. Précieuse se yon bèl grenn fanm Ayisyen ki fèt Ayiti. Papa l te voye chache l mennen l Etazini nan ane 2010. Lè ll vini li te degaje l aprann Anglè pou l te ka debat li nan lari a, men li pa janm bliye lang Kreyòl la. Li fè tout etid li Ayiti. Li fè reto nan Ecole Evangelique Maranatha. Li fè filo nan Les Normaliens Reunis nan pòtopwens. Li etidye jounalis ak sikoloji nan yon kolèj Miyami, kote li gen yon degre.

Précieuse sitèlman renmen lang Kreyòl la li te kòmanse ekri atik pou lekòl li an Kreyòl selman lè li te nan klas segondè. Lè sa pa t travay, san dekouraje, li te deside ekri liv ak magazin an Kreyòl. Li pibliye senk liv woman deja: Pwennsès Sanafè, Plézi Inéspéré, Kite Sa Rele Lanmou, Yon Flè Sovaj, ak Renmen Yon Sèl Fwa. Tou le senk liv sa yo se woman e yo ekri nan lang Kreyòl.

Précieuse ta renmen tande opinyon nou sou liv sa yo. Peze sou bouton ki di Achte a pou nou ka pran liv yo. Sipòte nou sou Facebook, YouTube, ak Twitter. Pa bliye peze sou bouton ki di “Shop” la pou nou di m sa nou panse de liv yo. Mèsi anpil pou kontribisyon nou. Pa bliye provèb Ayisyen nou an ki di: Rad sal lave nan mitan fanmi. Mèsi anpil pou sipò nou.

 
IMG_133.jpg