Renmen Yon Sèl Fwa

Chapit Yonn- Chapit De

Chapit Yonn

 

Novanm 1990

Myami, Florida

Etazini Damerik

 

 

♪Lago, lago, ti sangle

Sa w manje, grenn pwa♪

♪Kote pa m li nan bwa

Al chache l nan fèy zòrèy♪

♪Pote l ban mwen …♪

 

 

“Pridans! Pridans!” Yon timoun tande antan li kanpe dèyè yon baryè ap souse dwèt lepous goch li pandan men dwat li ap woule yonn nan très cheve l yo ki soup e ki rive jouk bò ren l. Timoun nan ap gade twa timoun parèy li k ap jwe, y ap chante lago lago pandan yonn ap kouri dèyè lòt.

 Pouki manmy pa vle kite m al jwe ak timoun vwazin yo?  Li pwan mande tèt li, fè tankou l pa tande vwa manman li Sepanou k ap rele l.

Timoun nan ap gade twa timoun yo k ap chante pandan y ap jwe nan yon lakou ki anfas lakou lakay li, lòt bò lari ya.

Lakay li sou Biskin katreven (80) plas nòdis wityèm avni nan Myami, yon vil ki nan eta Florida, ki nan peyi Meriken. Kay la ansèkle ak fil fè, anpil ti pye bwa kout, e kèk pye flè choublak.

Sou kote goch kay la gen de kay, yon apatman ki gen twa etaj apwè de kay yo, e pi lwen yon shòping center. Sou kote dwat la gen de kay tou, e de apatman ki kole ak yo e ki genyen twa a kat etaj.

Malgre timoun nan konn wè kèk moun ap rantre sòti andedan yonn nan kay ki sou kote dwat la an chat pent, paske pòt e fenèt yo take e barikade ak planch, li tande manman l di ke pa gen moun ki rete ladan l.

Gen yon ti lari dèyè kay timoun nan ki sèlman gen lajè pou yon machin pase. Se lari ya ki separe kay li ya ak mezon ki anfas li yo, espesyalman kay kote lòt timoun yo ap jwe ya.

Sou kote lari ya gen yon twotwa pou moun mache. Ri ya soti sou biskinn e li pase dèyè kay la, men li pa sòti sou okenn lòt ri.

Ri ya asfalte e li ta pwèske gen lajè yon gwo kabann. De machin paka pase ansanm sou li, se yon sèl ki kapab e menm yonn nan fòk pa gen anpil moun k ap mache sou kote li. Antre twotwa e lari a, gen zèb e kèk ti pye bwa ki dekore li.

Anfas kay la, sou lòt bò lari ya, timoun nan ap gade do yon lavri, kote moun ap vinn lave, ki kole ak kay ki nan lakou kote timoun yo ap jwe ya. Genyen plizyè kay sou kote kay la e lavri a.

Timoun nan, apye sou yonn nan pye flè choublak ki nan lakou a, kanpe ap admire twa timoun yo k ap jwe. Li wè y ap ri pandan y ap kouri dèyè yonn lòt. Lamenm, timoun nan pwan souse dwèt li pi fò.

Menm lè manman li Sepanou te menase l l ap fè koupe dwèt la, li pa te sispann souse l. Sa te fè manman an te mennen li lakay doktè sou konsèy yonn nan zanmi l yo. Apwè yo te sòti lakay doktè ya, e manman an t ap plede pase piman pike ak lalwa anmè nan dwèt la, timoun nan te vinn pè, li te onjan sispann souse dwèt la pou yon ti tan. Men enkonsyaman pafwa, san rann li kont, li pwan souse dwèt li, espesyalman lè manman an pap gade l.

Malgre se sezon Otònn, yon sezon ki ta sipoze fè fre, timoun nan swe tankou nonm bouki k ap bay manti. Li tèlman fè cho, se konm si lanati fache ak yon moun, e l ap fè tout moun peye pou sa paske van pwèske pa vante.

Omwens, timoun nan pwan panse, ta sipoze gen yon frechè nan lakou a ki gen yon pye lam veritab, yon pye zaboka, yon pye mango fransik, e yon pye piman ak kèk pye bannann. Pye bwa yo ta sipoze ap souke pou bay frechè, men yo pa bay okenn soulajman anba chalè ya. Menm lè timoun nan ap swe, jwèt timoun yo ap jwe nan lakou ki anfas la tèlman enterese li, li pa bouje kote li kanpe ya. Se tankou li ta gen yon lakòl ki kole nan pye li, fè l paka deplase.

Lasyè ya tèlman ap koule sou timoun nan, se tankou li ta kanpe anba yon seren lapli. Sa se yon move santiman, espesyalman pou yon timoun ki pa sòti deyò fasil.

Briskeman, li kouri vire tèt li pou l wè ki kote mizik li tande britsoukou a ya ap sòti.

“Tchuiw!” Timoun nan pwan tchoupe, lè l wè yon jènn gason ap danse tankou moun fou andedan yon machin k ap bay gwo mizik. Timoun nan retchoupe e rekontinye gade timoun yo k ap jwe nan lakou anfas la pandan li kontinye ap souse dwèt li.

Nan twa timoun yo, timoun nan ap gade ya, li tande manman li ap di ke timoun yo fèk soti Ayiti, e de nan yo pi gran pase li malgre yo pa sanble ak sa ditou. Ou ka mete tou le twa timoun yo ansanm pou fè yon li menm, ou pa ta di yo soufri tibèkiloz, yon maladi syantis yo dekouvri nan moun ki pa byen bwè e byen manje.

Pridans se jan manman timoun nan rele li, men non li gen nan batistè se Prudence Desir.

Prudence fèt nan lane mil nèf san katreven (1980) nan yon lopital ki nan Fòtlodèdal, yon vil nan Florida, yon eta nan peyi Etazini. Li fèk gen dis lane sou tèt li.

Kote manman li wouj ak cheve kout, li menm, li pwèske blan ak cheve swa e boukle, e ki long anpil. Cheve li tèlman long, yo kouvri do li, e li menm ak manman an toujou ap goumen lè pou manmzèl penyen li. Li menm konn pase kèk jou, li pa kite manman an pase penll nan tèt li, bagay ki fè manmzèl rele li salòp.

Lè Prudence gade tèt li nan glas, li wè nen l pwenti, plim je li long, e bouch li pwès ak yon fòm kè. Li wè zòrèy li mezi figi l, e manton li ak kou li fè yonn.

Menm lè Prudence pa vle aksepte sa, nòmalman, je li nan mitan koulè ble e vè. Lè li anba ti emosyon, je li ta vle pwan koulè ble pal, men lè li anba gwo emosyon, je li pwan koulè vè ya nèt. Men li ta vle rete kwè ke je li gen menm koulè ak pa manman an ki se yon mawon pal.

Prudence bèl anpil e li gwo anpil. Li tèlman gwo, timoun nan lekòl li e nan legliz kote manman an mennen li rele l gwo kochon.

Prudence tande manman ap plede di ke li ta sipoze wo pou dis lane li paske papa l se yon moun wo, men paske li gra twòp, li parèt kout. Si li pèdi gwosè ya, li tande manman an kontinye ap di, l ap kòmanse gen fòm yon berejèn byen desine ak ti anlè e gwo anba menm jan ak li, e l ap gen janm long ak vant plat.

Prudence tèlman gwo, manman li Sepanou te mete kadna nan frijidè kay la yon jou poutèt li menm. Sou yon mwa, apwè Sepanou pèdi de jou nan travay li pou l ka rete nan chanm ijans ak li pou manke manje, manmzèl te oblije retire kadna a nan frijidè ya menm lè li t ap joure l.

Anpil moun lè yo wè Prudence kwè li se yon Panyòl, e otomatikman, sa yo ki pale Panyòl la pwan pale lang lan ak li. Men lè l gade tèt li nan glas, l ap mande ak ki moun li sanble.

Li te tande kèk nan zanmi manman l yo te sètifye li se pitit yon Panyòl, genyen ki asire ke li se pitit yon Meriken blan, genyen lòt ki sèmante li se pitit yon Ayisyen blan. Men se yon moun ki rele Prudhome Desir manman l di ki papa li, menm lè l pako janm wè misye ak je, ni nan foto.

Si Prudhome pa te papa li, li kontinye panse, li pa t ap pote non misye, epi manman an t ap deja di li sa pou jan manmzèl pale anpil. Lè l te mande manman an pou foto papa l yon jou, manmzèl te fache ak li. Manman an te tèlman move sou li, li te di l penga li janm mande li bagay konsa ankò. Si l bezwen yon foto Prudhome, se pou l mande misye li lè l rele.

E paske li pè pou Prudhome pa rele sou li menm jan ak manman an, li pa janm mande misye sa, men ti kè li chaje ak kesyon.

Prudence kanpe nan lakou a, l ap gade twa timoun yo k ap jwe ak lanvi nan kè. Li wè timoun yo ap jwe, y ap ri, e y ap pwan plezi tankou yo pa gen lòt bagay pou yo fè se sèl sa. Yon bagay li menm l ap prye BonDie pou li ta fè.

Se pa ke manman li pa vle l jwe, li pwan soupire nan kè, men manmzèl pa kite l fè tout kalite jwèt. Pou di byen, li kontinye panse, li pa konnen kòman pou l jwe tankou yon timoun paske manman an ba li limit, gen jwèt manmzèl pa vle kite li .

“Pridans!” Timoun nan sote nan panse li, “Ou pa fout tande m ap rele w. Epi tonnè! konbyen de time (fwa) pou mwen frenk di pitit la pou li pa estann (stand→kanpe) bò barikad la?”

“Wou-ouch!” Prudence di anba dan li, lè yon ti moso bwa ki nan pye flè choublak li apye sou li ya rantre nan dwèt li. Lamenm yon tchoupe chape anba lang li lè l wè san ap sòti.

Li kouri dezapye sou pye flè choublak la, retire dwèt li t ap tete ya nan bouch li, e mete sa ki blese ya pou l souse san an, yon resèt grann li te moutre l lè manman an te mennen l Ayiti.

“Sanble se pa ak Pridans m ap pale mezanmi! Men ti salopri ya fè tankou li pa tande mwen wi.”

Lè Prudence tande vwa manman li Sepanou kontinye ap rele l, li pouse yon soupi. Jan manman an rele li fè l rayi non li ak tout ti fòs li. E malgre tout sa li fè, tout sa li di, manmzèl pa chanje jan li rele l.

Atout li tande vwa manman an, li pa vire tèt li. Manman an ap pale yon Kreyòl mele ak kèk grenn mo Angle, yon lòt bagay li rayi. Li pa konnen pouki, li soupire nan kè l, manmzèl pa pale Kreyòl nèt, oswa Anglè nèt.

“Pridans! Pridans! Ou pa fout tande m ap rele ou!” Prudence tande manman an ap di apwè manmzèl finn pouse yon soupi: “Timoun isit pa lisenn (listen→tande) menm non mezanmi! O mayi gad! (O my God!→O BonDie mwen)

Prudence rale yon lòt soupi lè l tande sa, e finalman vire gade manman an. Malgre Prudence swete li te ka al jwe ak timoun yo l ap gade nan lakou ki anfas la, li konnen manman an pap kite li ale. Dayè, sa l tande manman an kontinye ap di retire panse al jwe ak timoun yo nan tèt li: “Mwen tyèd (tired→bouke) ak pitit sa! Depi timoun Silita yo rantre sòti Ayiti, se sèl devan get (gate→barikad) la Pridans vle rete pou l gade yo. E se sèl Kreyòl ti chabon dife yo pale. Mwen paka gen yon beautiful kid (bèl timoun) tankou Pridans, yon blan ankò, pou mwen ta kite li pale Kreyòl! Ki malpwòpte sa a! Mwen bezwen espik (speak→pale) ak Silita pou l fè timoun li yo biginenn tou espik innglish (beginning to speak English→ kòmanse pale Angle). Se nan yon big konntri (country→gran peyi) y ap viv!”

Prudence Desir pouse yon lòt soupi ankò apwè li finn tande pawòl sa yo. Li rale yon gwo souf lè manman an pwan kontinye: “Se pitit sa ki pou fè mwen sit (chita) sou palè. Se li ki pou ban mwen manje lè alsyis mwen finish (fini), lè mwen old (granmoun). Dayè pwovèb la di, `Bourik fè pitit se pou do l poze!”

E Sepanou, ki bon non li Agathe Loiseau, lage yon ri. Lamenm Prudence pwan gade manman an ak yon move rega.

“Why ou loukkat mi lak dat? (look at me like that→ pouki ou gade mwen konsa),” Sepanou mande l sou yon ton iwonik, “tankou se manti m ap fè!”

Se pa pwemye fwa Prudence tande manman li ap pale konsa. Manmzèl toujou ap di ke jan pitit fi li Prudence bèl, li konnen manmzèl ap mete li chita sou palè yon jou. Sa fè manman an derefize kite li pale Kreyòl. Bèl timoun tankou li sipoze pale Angle sèlman.

Men se Kreyòl li toujou tande manman an pale, menm bon zanmi manmzèl yo se lang sa yo pale tou. Tout anviwonman kote li menm ak manman an ap viv se Kreyòl yo pale: estidio kote manman an al fè cheve li, legliz kote manmzèl mennen li, e menm nan fèt yo ale. E menm lè lekòl la, kote Sepanou mete li, rele manmzèl se yon lòt moun yo toujou chache pou tradwi pou li.

Se li menm manman an konn fè tradwi pou li lè y al fè mache, paske anpil fwa moun ki sou kès yo konn fè tankou yo pa konpwann Sepanou lè l ap pale Kreyòl ak yo pou mande yon bagay. Sa fè, ke li vle, ke li pa vle, manman an toujou trennen li ale nan makèt ak li pou l ka tradwi pou manmzèl lè l pa konpwann sa moun ki sou kès la ap di, ou byen lè l bezwen yon bagay andedan makèt yo.

Prudence pa konnen pouki rezon manman an pa vle li pale Kreyòl, paske dapwè manmzèl, bèl fanm tankou li pa dwe ap di betiz; pou manman an Kreyòl se betiz.

Prudence te souri lè l te tande sa, paske pou betiz la, manman konnen sa trè byen, dayè se sa li plis konnen nan lang Kreyòl la. Menm lè Sepanou pa ta moutre li anpil lòt bagay, yonn nan bagay ki sèten, manmzèl moutre li kòman pou l joure, e kòman pou l goumen.

Prudence kanpe dèyè baryè ya l ap reflechi pandan l ap gade yon jènn gason e yon jènn fi k ap pase devan barikad la men nan men. Li gade yo, pouse yon soupi, e pwan souse dwèt li ankò.

Prudence tande manman an ap plede repete ke bèl fanm pa pale Kreyòl, men manmzèl se yon bèl fanm, e se Kreyòl sèlman li pale. Dayè, li pa wè sa bote li ya, grimèl la, blan an, jan manman an ap plede rele li, pote pou li. Dapwè sa li tande manman an e zanmi li yo ap di, ak koulè li, li ka rantre nan nenpòt palè, e se yonn nan pi gwo kado Bondie te ka ba li.

“Pridans!” Vwa manman an retire l nan panse li ankò. “Mwen ba ou too minout (2 minutes→2 minit) pou ou get inside de house la (antre andedan kay la) O-o! Ou nan tete dwèt sa ankò? Ou sonje sa mwen te pwomèt ou jou mwen wè dwèt sa nan bouch ou?”

Prudence kouri retire men l nan bouch li. Manman an gade li ak yon move rega e kontinye nan Kreyòl tchake ya: “Rantre nan chanm ou al gade tv pou mwen silvouplè, pa fè bouch mwen long!”

Otomatikman Prudence vire, e pwan gade manman an ak yon lè siplyan: “Manmy!”

Sepanou retire pawòl la nan bouch li: “Ou fout tande sa mwen di ya, ni penga you mek mi sey dat tou ta-yim!) make me say that two times!→ ou fè m repete sa yon dezyèm fwa!)

Chapit De

Prudence bese tèt li e rantre andedan kay la pandan l ap prye nan kè pou yon malè ta fwape, tankou dife ta boule kay la ou byen yon syklòn ta pase kraze l.

Li kanpe pandan li pwal rive devan pòt la: “O! Gad-fadè (God-father→parenn) ou ap vinn wè nou toumòrò (tomorrow→demen)! Ni penga ou fè move jan ak misye jan ou te fè dènye fwa a! Misye se parènn ou, se li ki batize ou, e li renmen ou tankou pitit fi li pa genyen! Bi nayis with im (be nice with him→janti ak li), oke!

Prudence ouvè bouch pou li mande manman an, an Angle: “Mwen kwè ou te di ke parènn mwen ...”

Sepanou retire pawòl la nan bouch li: “Penga ou fè menm bagay ou te fè dènye fwa! Epi tou lè misye vini, si li mande ou èske ou risiv monni (receive money→resevwa lajan) li konn voye ba ou yo, se pou ou ennswè im yès (answer him yes→reponn li wi), ou tande mwen! Go tou roum naw (go to your room now→al nan chanm ou kounye ya!)

Prudence reouvè bouch li ankò pou l di an Kreyòl: “Men man, mwen pa janm ...”

Sepanou, ki pwan mache sou li ak yon move rega, fè li kouri pe. Sepanou rive sou li e fwape l nan zepòl: “Èske mwen pa toll ou pou w pa espik Kreyòl?”

Prudence pa reponn, li vire, e rantre andedan kay la. Li pa tande manman an ki pwan bougonnen: “Mwen pa wè ki lè pou mwen leave dat f*!~ing katye! Isi ya vinn gen twòp Ayisyen, se tankou m ap liv (live→viv) site Simone! Lè mwen te fèk vinn nan zònn nan, pa te gen okenn blak pipol (black people→moun nwa), se te moun blan sèlman ki te rete la. Men naw, ou pa konnen ki kote pou mete blak pipol. BonDie fè mwen pa lwen liv (leave→kite) isi ya.”

Prudence menm rive nan chanm li, l al chita sou kabann li pandan l ap reflechi.

Chanm Prudence chita sou kabann nan gen longè dis pye, e lajè douz pye edmi. Li gen yon fenèt e yon klozèt. Pou dekorasyon, chanm nan genyen yon ti kabann ki gen sou kote li yon tablo Chinwa ke Prudence te achte nan yon ti mache manman an te mennen li ki nan yon zònn ki rele Alya, yon amwa ki genyen sis tiwa ak yon glas devan li, e yon chèz ki nan yonn nan kwen chanm nan e ki gen sou kote li yon vaz Meriken yon ansyen mari Sepanou te fè li kado; manmzèl pa te vle mete vaz la lòt kote.

Vaz la gen otè twa pye e li gen andedan li yon bouke flè atifisyèl.

Sou tèt amwa a chaje ak yon pakèt biblo e yon televizyon ki nan yonn nan kwen l yo.

Chanm nan pentire ak koulè jonn sytwon e l gen yon kapèt koulè ble maren atè ya.

Malgre Prudence plenyen bay manman an, Sepanou pa chanje koulè chanm nan, ni li pa sispann plen chanm nan ak yon pakèt bagay yo pa bezwen dapwè li menm. Si manman an te kite chanm nan senp, t ap gen anpil lespas andedan li.

Lakòz chanm nan chaje, lè l andedan li, Prudence toujou gen santiman l ap toufe, li paka respire, e sa fè li rete nan lakou a anpil fwa, bagay ki fè Sepanou joure l; li pa sipoze ap pwan solèy e pousyè deyò ya.

Prudence rete ak manman li nan yon kay ki sou Biskin Nòdès 80 plas. Kay la genyen twa chanm dòmi, yon salon, yon sal manje, yon kizin, yon twalèt edmi, yon ti kote pou fanmi an chita pale e gade televizyon, yon garaj ki ka pwan de machin, e lakou dèyè ya kote Prudence te kanpe ap gade timoun yo ki t ap jwe.

Prudence apwann nan bouch manman an e zanmi l yo ke se yon Kiben, moun ki soti nan peyi Kiba, ki te rete nan kay la anvan yo, e li te konn plante tout kalite pye bwa nan lakou a. Yo te menm jwenn de pye bwa, manman an te di li ki rele kowosòl e lam veritab, lè manmzèl te fèk achte kay la. Prudence pa konnen sa ki pase ak pye kowosòl la paske li pa wè l ankò.

Nan devan kay la, genyen de pye kokoye ak anpil zèb e bèl flè ki dekore li.

Salon, sal manje, e kwizin kay la kole yonn ak lòt, e yo chak gen yonn a de fenèt sou kote yo.

Salon an e sal manje ya gen longè trant pye e lajè katòz pye. Kwizin nan li menm, gen longè douz pye edmi e lajè senk pye.

Salon an dekore yon fason vilgè e san gou dapwè Prudence, e yon moun ka jwenn tout koulè lanati ladan l. Salon an gen yon gwo sofa, yon mwayenn sofa, e de chèz ak de ti tab ki akonpaye li.

Malgre tout mande Prudence te mande manman an pou l te patisipe nan dekorasyon kay la lè l te achte l, manmzèl pa te kite l. Se yon mesye, ki te rete ak manman an lè ya, ki te dekore kay la, e li menm ak misye ya pa te gen bèl lè pou rezon li pa ka rive eksplike. Misye ya te fè plis ke sis mwa nan kay la, bagay ki te soti pou fè Prudence anraje.

Sa Prudence pa te konnen, se mesye ya ki te achte mèb yo ki nan salon e sal manje ya.

Gwo sofa a gen koulè krèm, mwayenn nan gen koulè ble maren, chèz yo gen koulè jonn abriko, e zorye tout koulè akonpaye sofa yo e chèz yo. Yon tapis Chinwa koulè wouj atè ya nan mitan sofa, chèz, e tab yo.

Sal manje ya gen yon tab ak sis chèz, yon panntyè ki gen tout kalite veso ladan l, e yon kapèt atè ya koulè mawon.

Sepanou te tèlman plen kay la ak biblo e yon pakèt lòt bagay, andedan kay la te vinn parèt pi piti ke jan li ye. De moun paka mache ansanm andedan an, se tankou yo ta nan yon ti wout kofre, e y ap fwape yonn ak lòt si yo pa fè atansyon.

Prudence pa konnen si se paske kay la parèt piti, menm jan ak chanm li, pafwa li santi li paka respire, sa fè vire tounen l ap sòti nan lakou a, bagay ki fè Sepanou mande anraje.

Prudence te tande yonn nan zanmi Sepanou yo, ki toujou ap pwan pòz gran konesè li, t ap di manmzèl ke petèt l ap bezwen ale lakay doktè ak li menm Prudence paske li ka soufri klostwofobi, yon maladi syantis yo dekouvri nan moun ki pè kote ki piti, kote ki kofre. Lè yon moun soufri maladi sa a, dapwè sa zanmi yan t ap di, depi li yon kote ki jennen, li vinn pè e lamenm li gen lenpwesyon ke l paka respire; li santi se tankou l ap toufe.

Nan tout maladi pou l ta fè, Prudence te souri anba lè l te tande sa, se yonn ki gen non klostwofobi. Kòm zanmi manman an se yon moun ki djòlè anpil e ki toujou ap pwan pòz filozòf li sou yo paske manman l pa finn bon nan konn li ya, petèt ke li t ap fè wè konesans li. Men dapwè li menm, sa pa yon maladi jouk pou l ta rive ale lakay doktè pou li. Li konnen l an sante, li pwan panse, li pa malad gras a Dye.

Next
Next

Pwennsès Sanafè