Yon Flè Sovaj

Depi ou wè manmi ap rele li konsa, Grace pwan bougonnen anba dan li, se yon bagay li bezwen. Ki sa li dwe ye la? li kontinye ap babye pandan li al louvri pòt refrijeratè ya pou li pwan yon ji, ou kwè se preche manman an rele li pou li preche li kòm dabitid.

“Mwen te gen yon kòmand nan travay la mwen te bezwen fini li …” Grace kòmanse esplike nan vwa yon timoun ki konnen li fè dezòd, e ki ap tann pinisyon li. Briskeman, li kanpe lè li reyalize jan li ap pale.

Sa mwen ap fè konsa, li pwan mande tèt li, nan laj mwen ye la a, e nan nivo mwen rive, mwen pa gen lesplikasyon poumwen bay pèsonn, menm si moun nan se manman mwen oubyen papa mwen.

Grace rale yon souf e di sou yon ton rebèl: “Mwen pa te la manmi. Ou te bezwen yon bagay?”

“Pa pèmèt ou pwan ton sa a ak mwen Grace!”Manman an di lamenm sou lòt liy nan. “ Menm lè ou rive nan nenpòt nivo, se mwen ki te pouse ou soti nan vant mwen, se pa ou ki te fè mwen.”

Grace gwonde e mande pandan li ap mete ji ya nan bouch li: “E de ki ton wap pale man?”

“Pa fè sòt ou kontre ak lespri mwen Grace!”

Previous
Previous

Kite Sa Rele Lanmou