Kite Sa Rele Lanmou

“…Cicelie reponn ak souri jennen an sou figi: "Eskize mwen Fanfan, mwen pa te vle blese ou. Se premiye fwa sa rive'm."

"Pa gen pwoblèm choupie. Kouniye ya, definitivman, ou dakò pou ou vin madanm mwen?"

Lamenm Cicelie pwan reflechi. Se pa fasil pou'l jwenn yon gason satisfè'l jan Fandore sot fè'l la malgre nèg li pase. Menm lè li te enstwi yonn li te panse ki t'ap mariye

 

ak li, nan ki jan pou'l ba li bon jan plezi, misie te pwan tout sa li te moutre'l yo e al pote yo bay yon lòt fanm.

Li gade Fandore e reponn: "Ban mwen yon ti tan pou'm ba ou repons. Yon sèl bagay, mwen pap sispann travay, e mwen se yon moun ki trè egoyis. Mwen pap pataje ou ak pèsonn. Mwen bezwen ou pou mwen sèl."

"Mwen pa mande ou pou'w sispann travay ni pou ou pataje mwen. E mwen menm tou, mwen trè egoyis, mwen pap pataje ou ak pèsonn tou."

Cicelie gade Fandore k'ap foure je nan pa'l e pwan souri.

Petèt ke li jwenn ak nèg BonDie sere pou li ya, li pwan soupire nan kè'l. E petèt ke tou se yon lòt chans misie ap ba li nan lavi'l. Men èske li ka rele sa lanmou?

Antouka, pou chans li pwan deja ak lòt mesie yo ki pase nan lavi li, yon lòt chans pap touye'l, li kontiniye soupire pandan je li sou Fandore. Li pa t'ap fache si Fandore te fè lanmou ak li ankò. Yonn nan zanmi li yo di'l ke se yon sèl fwa li ka fè sa pou yon nwit, men li menm li sanble gen yon apeti tèrib paske li anvi Fandore ankò.

Ak lòt mesie yo, li konn twò kontan lè yo fini, men kouniye ya, li santi'l ta double. Li pase lang li sou bouch li nan yon envitasiyon sansiyèl.. Fandore ki t'ap gade li reponn li menm kote ya…”

Previous
Previous

Plezi Inespere

Next
Next

Yon Flè Sovaj