Plezi Inespere

“…Anonce louvri jé li byen gran lè Laurore fwoté kò’l sou li nan yon fason sansiyèl fè’l kanpé sou twaziyèm pié li. Menm lè li sézi, li kouri fèmen jé’l lè li tandé Laurore bay yon gwondman: “M-mm!”

Lamenm li fouré men’l andédan kòsaj ki sou Laurore la é pwan woulé yonn nan pwent tété manmzèl yo nan mitan dwèt li. Anonce pwan mandé tèt li lamenm si Laurore fè yon bagay éspésiyal pou li lè’l santi grenn ap pwan volim.

“Ban mwen lang ou kèmiya!” Anonce mandé nan yon chichotman nan zòrèy Laurore fè tout chè nan kò manmzèl lévé tankou sé lè poul fèk déplimen.

Laurore obéyi Anonce menm koté ya pandan l’ap mandé tèt li sa l’ap fè konsa. Li menm ak Anonce pa renmen, sé patnè nan biznis yo yé. Pou di lavérité, sé travayè Anonce li yé.

Enkonsiyaman, li bay misié lang li ki pwan’l ak vorasité tankou yon moun ki pa manjé dépi kèk jou é ki tonbé sou yon manjé ki gou. Malgré li menm, Laurore apiyé plis sou Anonce, kofré misié sou tab/biwo’a nan yon fason ki ta vlé di misié pou li kontiniyé sa l’ap fè ya.

Menm lè sé nan biwo Anonce li yé, yon biwo ki trè bèl ak solèy la k’ap kléré li, atansiyon Laurore lwen dé sa. Sèl sa ki nan pansé li, sé patisiyon mizik Anonce ap jwé ak kò li tankou si misié t’ap pasé men li sou yon piyano fè son soti. Malgré li pa té vini nan biwo misié ya pou sa, Laurore pap kité okaziyon sa’a pasé, paské sé pa yon plézi li bay tèt li fasil.

Laurore té gen randévou ak Anonce pou yo té pasé kontra pou li fè désin dékorasiyon pou yon fim konpayi misié pwal fè. Anonce té kontakté li pou sa éspésiyalam paské pifò moun ki nan biznis fè fim é désen animé konnen li kòm désinatè. Zaboka yo té gen tan réglé tout fòmalité pou li menm é Anonce, sé sèl siyen yo té rété pou yo té siyen kèk papiyé antré yo dé ya é pou misié té éspliké’l ékzaktéman sa li té vlé’l fè. Men, sanblé sé yon lòt kontra Anonce vlé pasé ak li jan li wè bagay yo…”

Previous
Previous

Pwennsès Sanafè

Next
Next

Kite Sa Rele Lanmou