Pwennsès Sanafè

‘Kòman yon lawozé mwa Jiyè fè frèt konsa!’ Yon timoun douz lané é démi, k’ap maché pié atè ak yon rad chiré, ap mandé tèt li.

Timoun nan pwan maré tout ti dan li lè yon van k’ap souflé voyé lawozé ya nan diréksiyon li. Malgré li gen yon chaj sou tèt ki ta sipozé anpéché li mouyé, rad ki sou li ya wouzé. É menm lè chaj la lou sou tèt li, timoun nan pwan maché vit. Si li pa dégajé li rivé lakay Fatra, sa pap pasé byen pou li, li soupiré pandan li pwan maché pi vit.

Wout la timoun nan ap maché ya lajè pié yon ti pantalon. Paské li poko fin jou, malgré jé li abitiyé ak fènwa’a, détanzantan timoun nan ap fwapé pié li nan wòch yo ki sou wout la. Pou anpéché dan li yo fwapé yonn ak lòt anba doulè é frédi, timoun nan pwan frédoné yon ti chanté li konn chanté lè li jwenn chans jwé lago ak lòt timoun parèy li:

Alon bèl ti wòb, wi chè …

Kasé filè …

Lè li rivé nan pati kasé filè ya, timoun nan soupiré. Ou kwè l’ap janm mété yon bèl ti rad jan chanté ya di!

M-m! Timoun nan pousé yon lòt soupi, menm nan rèv li bagay konsa pap janm rivé fèt.

‘Wou-ouch!’ Li pwan di anba dan lè pié goch li fwapé nan yon chouk bwa. Yon tchoupé chapé anba lang li. Lamenm, li viré tèt pou wè si pa gen moun k’ap vini dèyè li sou wout la.

Lè sé chen yo ki t’ap maché dèyè li sèlman li wè, li lagé souf li, li pa’t menm réyalizé li té kenbé.

Li paka kité okenn moun tandé li tchoupé, éspésiyalman yon rèstavèk tankou li, sa ka démouté bò figi li é pétét menm raché dé nan dan li yo.

“Gran maten sa Sanafè, ki koté ou gen tan sòti la?”

‘Woy-oy! …’ timoun nan pwan di nan kè li lamenm ‘… mwen mouri!’

Li viré pou’l wè ki koté moun k’ap palé ak li ya yé. Li wè yon madanm ak yon kivèt sou tèt, apiyé anba yon pié kénèp sou koté dwat wout la, ap pipi.

Lamenm, timoun nan pwan trennen vwa li: “Li pa bonè non tant Cétoute, tant Fatra ki té voyé’m yon koté pou li wi!”

Cétoute bougonnen anba dan pandan l’ap gadé Sanafè ki pwalé: ‘Li poko menm fin jou, épi ou gen tan ap tounen sot fè komisiyon! Ki lè’l dwé té yé lè Fatra té lévé ou nan kabann sa’a pitit?’

Laparans Sanafè fè vin nan pansé yon pié bwa k’ap grandi nan tè sèk é ki pa jwenn dlo. Koulè li fè vin nan lidé yon tas kafé nwa ki batizé ak sèlman dé ti gout lèt. Dé dan dévan li yo séparé ak yon chénèt, mété nan pansé yon fénèt ki paka fèmen. Sé yon mistè dèské dan li yo blan.

Sanafè konnen li lèd, paské li tandé sa tout tan nan zòrèy li, é sé paské li lèd ki fè l’ap pasé mizè; bèl timoun pa pasé mizè. Si bèl timoun té pasé mizè, pitit tant Apwésa’a ta nan mizè menm jan ak li. Paské manmzèl bèl, yon mésié sòti jouk Pòtopwens, wè li, pwan li pou’l rété ak madanm li.

Previous
Previous

Renmen Yon Sèl Fwa

Next
Next

Plezi Inespere